Accessibility links

Breaking News

Depi Apwouve Pwojè Lwa Sipò pou Ikrèn Izrayèl Ak Taiwan


Faith in the House Hakeem Jeffries
Faith in the House Hakeem Jeffries

Chanm Depite Etazini pase samdi a yon pwojè-lwa ak sipò 2 pati politik yo, ki vini an 4 moso, ki gen 95 milya dola èd pou Ikrèn, Izrayèl ak Taiwan, sa ki mete pwojè-lwa a sou ray pou li antre ann aplikasyon apre yon wout long, difisil pou travèse Kongrè a.

Pwojè-lwa a gen ladan 61 milya dola pou Kyèv nan lagè li kont envazyon LaRisi a, ansanm ak 26 milya dola pou Izrael ak èd imanitè pou sivil nan zonn konfli, antwòt nan Gaza, ak 8 milya dola pou rejyon Endo-Pasifik la.

Lidè Chanm Depite a Mike Johnson, yon Repibliken ki reprezante eta Lwizyàn, te pouse pwojè-lwa yo pou konbine yo fè yon sèl, apre Chanm nan te fin apwouve yo chak youn apre lòt, konsa pou bare tout opozisyon kont nenpòt nan yo, sa ki te ka deraye tout pwogram nan.

XS
SM
MD
LG