Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Inyon Ewòp Jwenn yon Akò pou Itilize pou Defans Militè ak Rekonstriksyon Ikrèn Byen La Risi ke li te Jele


FILE - Flags of Ukraine fly in front of the EU Parliament building on the first anniversary of the Russian invasion, in Brussels, Belgium, Feb. 24, 2023.
FILE - Flags of Ukraine fly in front of the EU Parliament building on the first anniversary of the Russian invasion, in Brussels, Belgium, Feb. 24, 2023.

27 peyi nan Inyon Ewòp la rive jwenn yon akò Mèkredi 8 Me a sou itilizasyon revni ki soti nan byen Larisi ke yo jele sou kontinan Ewòp la, se sa ki soti nan yon reyinyon anbasadè peyi manm yo nan Bèljik ki gen prezidans Inyon an kounyea, dapre sa yon sous ekri sou rezo sosyal X.

Li di tou : "Lajan sa a pral sèvi pou sipòte defans militè ak rekonstriksyon Ikrèn."

Akò sa a, ki dwe jwenn konfimasyon nan nivo minis Inyon Ewopeyen yo, vini apre gwo deba long ak anmè ki te fèt sou fason pou yo sèvi ak byen leta Ris ke yo te bloke apre lansman envazyon ris la nan Ikrèn, ke Inyon an evalye nan zonn 210 milya ewo.

Nan mwa Mas pase, Komisyon Ewopeyen an te pwopoze yon plan ki vize pou sezi revni ke byen kolosal sa yo pwodwi, ki li kwè ta ka debloke ant 2.5 ak twa milya dola chak ane pou Kyiv.

Prezidan Komisyon Ewopeyen an Ursula von der Leyen ekri Mèkredi sou X pou di li byen akeyi rezolisyon sila kote li di : "Pa t' kapab gen yon senbòl ki pi pwisan, ni yon pi bon itilizasyon pou lajan sa a pase sèvi ak li pou fè Ikrèn ak tout Ewòp la pi an sekirite".

Dapre plan yo adopte a, 90% nan revni ke yo te sezi yo prale nan Etablisman Lapè Ewopeyen an (EFF), ki finanse acha zam, sa ki enpòtan anpil nan yon moman kote Kyiv ap mande minisyon ak sistèm defans pou bare lame Ris la ki ap atake.

10% ki rete yo prale nan bidjè Inyon Ewopeyen an pou ranfòse kapasite endistri defans Ikrèn lan.

Pami 27 peyi manm yo, genyen ki pè konsekans yon kriz konsa, yo pè pou sa ke ekzanp sa a ta ka kreye sou mache finansye yo, ak konsekans legal ke li ka antrene.

Nan mwa Mas pase, Larisi te menase pou li lanse aksyon legal kont Inyon Ewopeyen an pandan "plis pase dè dizèn lane" si yo itilize revni ki soti nan byen jele li yo pou benefis Ikrèn, sa ki dapre Moskou ta sanble yon "vòl".

Bèljik kenbe yon gwo majorite nan byen jele Ris yo, e sa ki administre yo se Euroclear, yon òganizasyon entènasyonal ki la pou resevwa fon lajan.

Gwoup sa a te rive tire revni pou yon total 4.4 milya ewo ane pase, e Bèlji te touche lajan taks sou revni sa a.

XS
SM
MD
LG