Accessibility links

Breaking News

Lapolis Texas Fè Lese-Frape ak Manifestan Pwo-Palestinyen


Manifestan Pwo-Palestinyen konfwonte lapolis nan Inivesite Texas nan Austin, 24 Avril 2024.
Manifestan Pwo-Palestinyen konfwonte lapolis nan Inivesite Texas nan Austin, 24 Avril 2024.

Lapolis te fè lese-frape ak etidyan ki t ap manifeste nan eta Texas ak Kalifòni pandan te gen nouvo kan manifestan ayè mèkredi a nan Harvard ak nan lòt inivèsite pandan lidè lekòl yo te chache mwayen kalme yon vag manifestasyon ki t ap gwosi anfavè Palestinyen.

Nan Inivèsite Texas nan vil Ausitn, dè santèn ajan polis lokal ak polis eta a – pami yo kèk ki sou cheval e ki gen bout baton nan men yo – te fè lese-frape ak manifestan, pouse yo deyò gazon kanpis la e nan yon pwen bourade yo nan lari a.

20 manifestan pou pi piti jwenn arestasyon yo sou demann responsab inivèsite yo ak Gouvènè Texas la Greg Abbott, dapre Depatman Sekirite Piblik eta a.

XS
SM
MD
LG