Accessibility links

Breaking News

Lame Izrayèl Deplwaye 2 Divizyon Brigad Rezèvis nan Gaza


FILE -This handout picture released by the Israeli army on Nov. 15, 2023, shows soldiers during a military operation around at Al-Shifa hospital in Gaza City.
FILE -This handout picture released by the Israeli army on Nov. 15, 2023, shows soldiers during a military operation around at Al-Shifa hospital in Gaza City.

Lame Izrayèl la fè konnen jodi mèkredi a li ap deplwaye 2 divizyon brigad rezèvis nan Gaza, yon aksyon ki vini nan moman Izrayèl ap pare pou yon envazyon atè nan vil Rafah nan sid Gaza.

Lame a di brigad yo ap lanse “misyon defans ak taktik,” san bay plis detay sou plan li.

Otorite izraelyen yo di li oblije lanse yon ofansiv nan Rafah pou akonpli bu li ki se elimine gwoup militan Hamas.

Etazini, Nasyon Zini ak zòt eksprime enkyetid sou yon envazyon atè, ki, dapre sa yo di, ka fè yon dezas imanitè nan Rafah. Plis pase mwatye nan popilasyon Gaza a al pran refij nan zonn nan, e anpil nan moun yo te soti nan lòt pati nan Gaza pou yo chape poul yo anba batay yo e sou zòd Izrayèl ki te mande yo evakye.

XS
SM
MD
LG