Accessibility links

Breaking News

Inivèsite Columbia Ap Fè kèk Klas an Liy Pandan gen Manifestasyon nan Plizyè Inivèsite Sou Lagè Izrayèl nan Gaza a


Israel Palestinians Protest
Israel Palestinians Protest

NEW YORK (AP) — Prensipal kanpis Inivèsite Columbia nan New York pral fè kèk klas an liy ak lòt sou kanpis lekòl la pou rès semès la pandan gen gwo manifestasyon kap fèt nan lekòl kont lagè Izrayèl ak Hamas la, apre lapolis New York te arete plizyè manifestan anfavè Palestinyen sou kanpis Columbia a.

Elèv yo tap pwoteste kont lagè Izrayèl nan Gaza a sou plizyè kanpis, pami yo New York University ki nan distans kèk kilomèt sid Columbia.

Yon gwoup nan Columbia te ogmante pou rive plizyè santèn manifestan, e lapolis te kòmanse fè arestasyon lendi swa.

Yon pòtpawòl lapolis di li pa konnen konbyen manifestan NYU yo te arete.

XS
SM
MD
LG