Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Bò Kay Senatè Schumer nan vil New York Kont Sipò Etazini Pou Izrayèl


APTOPIX Israel Palestinians New York
APTOPIX Israel Palestinians New York

Plizyè santèn manifestan te rasanble toupre Grand Army Plaza nan New York madi 23 avril, toupre kay lidè majorite nan Sena a, Chuck Schumer, pou manifeste kont sipò Etazini ap bay Izrayèl nan lagè Gaza a.

Se Jewish Voice for Peace ki te òganize yon 2èm nwit manifestasyon pou rankontre ak semenn fèt Pak jwif la.

Apre diskou plizyè ekriven, atis ak raben, manifestan yo te bloke lari ki antoure Plaza a epi ajan polis NYPD te mete plizyè anba kòd.

Police officers hold plastic handuffs as they prepare to detain protesters blocking a street near the home of U.S. Senate Majority Leader Chuck Schumer in the Brooklyn borough of New York.
Police officers hold plastic handuffs as they prepare to detain protesters blocking a street near the home of U.S. Senate Majority Leader Chuck Schumer in the Brooklyn borough of New York.

Manifestan yo te mande Schumer, ki se pi gwo Juif Ameriken eli nan sena ameriken an, pou l sipòte yon seselfe e sispann kite zam ameriken al jwenn Izrayèl.

Depi Vandredi, plizyè santèn etidyan ak lòt moun te jwenn arestasyon nan divès inivèsite tankou Inivèsite Columbia, Yale ak New York.

XS
SM
MD
LG