Accessibility links

Breaking News

Plis Pase 2,500 Moun Mouri, Blese Akoz Zak Vyolans Gang yo an Ayiti


Foto Achiv: Moun kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo nan Potoprens, Ayiti, 29 Fevriye, 2024
Foto Achiv: Moun kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo nan Potoprens, Ayiti, 29 Fevriye, 2024

Plis pase 2,500 moun te mouri ak blese nan zak vyolans gang Ayisyen yo ant mwad Janvye ak Mas ane sa a. Se yon ogmantasyon 53% konpare ak dènye 3 mwa ane 2023 a, BINUH, Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a deklare Vandredi.

Omwens 590 moun pèdi lavi yo pandan operasyon lapolis, dapre rapò BINUH a. Gen plizyè pami viktim yo ki pat mele nan zak vyolans gang yo men ki te gen pwoblèm pou mache. Rapò a di gen omwens 141 ki mouri anba men gwoup sivil ame kap opere anba mouvman Bwa Kale a.

Pi fò zak vyolans yo te dewoule nan Pòtoprens, tandiske gen 438 moun yo kidnape nan Depatman Wès la ak rejyon Atibonit la. Rapò a di te gen gwo atak gang yo nan La Saline ak Cite Soleil.

Pandansetan, gang yo kontinye ap vyole fanm ak tifi nan katye rival yo, nan prizon, ak kan refije.

Plizyè santèn milye moun oblije kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo. Malgre kritik LONU yo, peyi tankou Etazini ak Repiblik Dominiken kontinye depòte migran an Ayiti.

Depatman Sekirite Nasyonal Etazini an di ajans nouvèl Reuters Jedi ke migrasyon iregilye Ayisyen yo nan Karayib la, nan yon nivo ki ba, men gen anpil peyi vwazen ki oblije evakye sitwayen yo ki tap viv an Ayiti epi ranfòse fwontyè yo.

XS
SM
MD
LG