Accessibility links

Breaking News

Bal Mawon, Kidnapin ak Laperèz: Kèk Travayè Imanitè Rakonte "Kalamite" Moun ap ap Pase nan Pòtoprens


Yon anbilans rive nan yon lopital Medecins Sans Frontieres (MSF) nan Potoprens, Ayiti, 4 Oktob 2022.
Yon anbilans rive nan yon lopital Medecins Sans Frontieres (MSF) nan Potoprens, Ayiti, 4 Oktob 2022.

Bal mawon nan lopital, kidnaping, lapèrèz moun yo aksyon gang pa rive sou yo, moun ki riske mouri ak grangou… plizyè travayè imanitè rakonte "dezas" sila ki genyen nan Pòtoprens epi yo pale de kanmarad yo ki aji an ewo pou yo pote èd.

Dapre travayè imanitè sa yo, Ayiti se 2èm kote ki pi danjere pou fè travay yo a apre Gaza.

Kapital ayisyen an, yon mwa edmi apre gang ame te lanse yon seri atak kowòdone ki te fòse premye minis ayisyen Ariel Henry rete nan kanpe-lwen epi anonse demisyon li, se pa lòt bagay ke yon gran prizon.

Sarah Chateau, ki se responsab pwogram Ayiti pou Médecins sans frontières (MSF), di AFP. se "yon prizon ki pa kouvri, yon vil ki izole nèt", nan yon peyi kote "pa gen gouvènman anko, pa gen leta ankò". Twa milyon abitan ki ap viv nan Pòtoprens ak alantou li yo "pran nan pyèj", "avèk katouch kap chante tout lasent jounen".

Neg ak zam te anpeche pi gwo pò ak ayewopò nan peyi a fonksyone, konsa anyen paka rantre.

Menm gwoup vyolan sa yo bloke wout pou antre ak soti nan vil la.

Sarah Château pale de "2 kidnaping ak 2 tantativ kidnaping" an tou ki fèt sou pèsonèl MSF nan yon mwa edmi.

"Nou gen yon kòlèg ki dènyèman te vle kite Pòtoprens pou ale wè pitit gason l nan pwovens yo. Kidnapè te kenbe li pandan 5 jou."

Kapital ayisyen an ap sibi yon "katastwòf imanitè", dapre Medsen San Fwontyè (MSF), ki se pi gwo ONG ki enplike ann Ayiti, ki gen 1.500 anplwaye, epi 4 lopital Pòtoprens kote yo trete plis pase 400 moun ki blese ak bal nan semèn ki pase yo.

XS
SM
MD
LG