Accessibility links

Breaking News

Yon Mwa apre Premye Minis Ariel Pwomèt pou li Demisyone, Ayiti Tonbe nan Lamizè


Haiti Violence
Haiti Violence

Peyi Dayiti Tonbe nan plis lamizè apre Ariel Henry anonse ke li ap wete tèt kòm lidè peyi karayib la.

Nan moman lidè politik ayisyen rive jwenn yon akò pou fòme yon konsèy tranzisyon prezidansyèl ki pral dire 22 mwa, ki pral gen misyon pou retabli lòd nan peyi Ayiti sa a kote dezòd ap kontinye preske yon mwa apre Premye Minis Minis Ariel Henry te pwomèt ke li ap remèt demisyon li kou konsèy la fin enstale, dapre rezidan nan kapital la peyi a ap antre pi fon nan mizè.

Politisyen ayisyen yo rive jwenn yon akò pou fòme yon konsèy tranzisyon prezidansyèl ki la pou 22 mwa, ki pral gen pou l retabli lòd nan peyi Karayib la ki ap sibi enstabilite politik ak vyolans gang, dapre yon dokiman AFP te wè lendi a.

Konsèy sa a ki gen 9 manm - 7 ki ka vote ak 2 obsèvatè - gen ladan l reprezantan prensipal pati politik yo nan peyi a, ansanm ak sektè prive a ak sosyete sivil la. Manda li ap bout "nan dat 7 fevriye 2026," dapre sa ki te ekri nan tèks ke AFP te jwenn nan.

Li pral ranplase Premye Minis konteste Ariel Henry, ki te anonse demisyon li 11 mas pase.

XS
SM
MD
LG