Accessibility links

Breaking News

Kreyasyon Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la Pral Fèt 'Talè Konsa' Dapre yon Diplomat Wo Plase Ameriken


Yon blende lapolis nasyonal fe patwouy nan zon Lopital Jeneral la nan Potoprens, 2 Avril, 2024.
Yon blende lapolis nasyonal fe patwouy nan zon Lopital Jeneral la nan Potoprens, 2 Avril, 2024.

Kreyasyon yon konsèy tranzisyon kap responsab pou chwazi pwochen lidè Ayiti yo pral fèt talè konsa, dapre sa yon diplomat Ameriken deklare Mèkredi nan yon fowòm chofe sou kriz Ayisyèn nan kap degringole.

Konsèy la, kap gen 9 manm, taka tabli ofizyèlman an Ayiti osito ke semèn sa a, dapre Brian A. Nichols, sekretè deta adjwen pou zafè Emisfè Oksidantal yo. Misye te pale sou sa pandan yon aktivite nan Nouyòk ke Konsèy Relasyon Etranje yo (Council on Foreign Relations) te òganize.

Nichols: Etazini Atann ni Aske Konsèy Tranzisyon Ayiti a Enstale Talè Konsa
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:40 0:00

Responsab yo prete pou wè konsèyla an plas, nan moman Ayiti ap redi pou l jere yon vid pouvwa a, pandan premye minis la paka tounen lakay li apre vwayaj ofisyèl li te fè nan peyi etranje. Zak vyolans gang yo, ki pran anplè mete Pòtoprens ak vil ozalantou yo nan yon sityasyon peyi lòk epi fòse plis pase 53,000 moun pou yo kouri kite kapital la pandan semèn ki pase yo.

Prensipal pò maritim Ayiti a ak ayewopò entènasyonal la rete fèmen. Sa bloke asistans kritik pou Ayisyen ki nan bezwen. Ekspè yo avèti kantite moun kap mouri grangou e ki malad ogmante 17 wotè.

Gang yo te kòmanse atake enstitisyon gouvenmanan toupatou nan Pòtoprens 29 Fevriye. Yo te louvri zam sou ayeropò entenasyonal la tou ki rete femen epi atake plizye komisarya lapolis ak 2 pi gwo penitansye peyi a. Gen plis pase 4,000 prizonye ki te chape poul yo.

Biwo Dwa Moun Nasyonzini an dekri sityasyon Ayiti kòm "katastwofik" epi fe remake gen plis pase 1,500 moun ki mouri epi plis pase 800 blese nan fen mwad Mas la.

Kreyasyon konsey la, ki tap gen 7 manm ki ka vote pou chwazi pwochen premye minis la ak manm Kabine a pap rezoud pwoblèm peyi a tou suit.

Nichols deklare pa gen "yon sèl solisyon" ki nesesè pou rezoud pwoblèm Ayiti.

Pandan fowòm nan, ki dire yon hè d tan, Nichols te sibi kritik bò kote Monique Clesca, yon ekriven Ayisyen ak manm gwoup Akò Montana a. (Gwoup Akò Montana a se yon kowlisyon sosyete sivil, sektè prive ak lidè politik ki gen yon plas nan konsèy tranzisyon an).

Clesca kritike Etazini pou sipò li te bay Premye Minis Ariel Henry, ke li akize dèske li enkonpetan epi responsab pou kondisyon Ayiti ki ap deteryore. Yo te entale Henry kòm premye minis pa enterim Ayiti apre asasina Prezidan Jovenel Moise an 2021. Li te gen apui kominote entènasyonal la nan epòk la.

Gang pi puisan Ayiti yo opoze Henry. Yo di li pat eli demokratrikman. Misye pwomèt pou l demisyonen apre yo va kreye konsèy la.

Pandansetan, gang yo te komanse lanse gwo atak kont dives sib gouvenmantal pandan ke Henry te nan Kenya pou siyen yon akò sou deplwaman fòs miltinasyonal li pral dirije a.

Manm panel nouyok la - Clesca, Nichols ak fondate jounal Haitian Times, jounalis Garry Pierre-Pierre, te reponn kestyon sou poukisa gang yo, ki kontwole 80% Pòtoprens pat patisipe nan negosyasyon yo ni nan kreyasyon yon konsey tranzisyon.

Nichols te reponn: "Lide pou yon diyalòg lajman laj, enklusiv ki gen tout eleman sosyete a ladann sètènman vo lapèn," men li ajoute ke yo paka mete enterè gang yo "devan senp sitwayen ki respekte la lwa."

Nichols di rezon yo bezwen solisyon se pou adrese rezon ki fè moun vinn manm gang yo pou kòmanse. "Fòk gen akse ak edikasyon, opòtinite travay ak pwogram fòmasyon," Nichols deklare.

Clesca bò kote pa li di fòk yo chanje idantite sosyal la pou fèl konsantre plis sou lekòl ak travay.

Pierre-Pierre bò kote pa li di politisyen Ayisyen yo ak boujwazi a ap apiye gang yo depi lontan pou sèvi enterè pèsonèl yo, e li plenyen pou di yo pa konsilte dyaspora a yon fason adekwa nan moman Ayiti ap fè fas ak yon kokenn chen kriz.

Misye deklare: "Sekirite se yon pwoblèm nou ka solisyone a kou tèm. Men rapyese sosyete Ayisyèn nan se yon defi ki pi gwo toujou."

XS
SM
MD
LG