Accessibility links

Breaking News

Plizyè Palmantè Mande Pou Bloke Zam Ki Pwale Ann Ayiti


Foto Achiv: Depite Cori Bush (Demokrat Missouri) pale pandan yon konferans pou lapres devan Kongre a nan Washington, 20 Oktob, 2023.
Foto Achiv: Depite Cori Bush (Demokrat Missouri) pale pandan yon konferans pou lapres devan Kongre a nan Washington, 20 Oktob, 2023.

Kèk palmantè ameriken mande, jedi, pou Etazini aji plis pou bloke zam afe ki pwale Ayiti epi sispann tounen palafòs migran ki kouri kite peyi a akoz vyolans nan lari ki vin pi mal epi akoz mank materyèl esansyèl pou yo viv.

Palmantè Demokrat Ayanna Pressley, Cori Bush ak Sheila Cherfilus-McCormick rankontre ak moun e ak òganizasyon ayisyen ki ap defann dwa moun pou li mande pwolonje estati pwoteksyon tanporè pou migran yo, yon fen nan depòtasyon ak kontwòl pi djanm sou pò yo nan Florid, ke Nasyon Zini konsidere kòm prensipal wout pou trafikan voye zam bay gang yo ki kontwole pifò kapital la.

Pami gwoup ki te nan reyinyon Kongrè a gen Haitian Bridge Alliance, Florida Immigrant Coalition, Family Action Network Movement ak Amnesty International USA.

McCormick, ki se sèl depite ayisyen-ameriken nan Kongrè a, di: “Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou sispann sipòte gang, sispann ba yo minisyon ke yo bezwen pou teworize pèp ayisyen an.

--

XS
SM
MD
LG