Accessibility links

Breaking News

Google Revoke 28 Anplwaye ki te Mande Pou Konpayi a Anile Yon Kontra ke Yo te Gen ak Izrayèl


Japan Google Lawsuit
Japan Google Lawsuit

Google revoke 28 anplwaye li apre yon manifestasyon sit-in poutèt kontra ke jeyan konpayi teknoloji a gen ak gouvènman izraelyen an, dapre sa yon pòtpawòl Google di ayè jedi a.

Gwoup ki te òganize manifestasyon madi a rele “No Tech for Apartheid,” Nou pa vle Techloloji pou Aparteid, gwoup ki depi lontan pa dakò ak sa ki rele Pwojè Nimbus, ke Google fè nan tèt-ansanm ak Amazon pou yon valè 1 milya 200 mililyon dola. Pwojè a ap vann Izraèl sèvis cloud pou konsève dokiman li.

Video manifestasyon an moutre lapolis ki ap arete travayè Google nan Sunnyvale, nan Kalifòni, nan biwo pdg Google Cloud, ki se Thomas Kurian, dapre yon kominikasyon ke manifestan yo te poste sou X, ki te Twitter anvan sa.

Gwoup la di yo te okipe biwo Kurian pandan 10 èdtan.

XS
SM
MD
LG