Accessibility links

Breaking News

Etazini Dakò Pou Dànmak ak Oland voye avyon konba F-16 bay Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/F16S
UKRAINE-CRISIS/F16S

Etazini bay apwobasyon l pou alye li Dànmak ak Oland voye avyon konba F-16 bay Ikrèn, dapre kèk otorite. Li pa te klè touswit ki lè Ikrèn ka resevwa djèt yo, bagay Ikrèn ap chache lontan pou kontre siperyorite LaRisi nan lè a.

Yon lòt kote, yon tribinal nan LaRisi enpoze yon amann 32-mil dola sou Google poutèt li te refize efase swadizan fo enfòmasyon sou konfli Ikrèn nan.

Desizyon jij sa a vini apre lòt aksyon menm jan an ki te fèt nan koumansman mwa Jen pase kont Apple ak Fondasyon Wikimedia ki se platfòm pou Wikipedia.

Dapre kèk ajans nouvèl ris, tribinal la jwenn ke sèvis video YouTube, ki se pwopriyete Google, koupab deske li pa te efase video ki gen fo enfòmasyon sou konfli a – ke LaRisi prezante kòm yon "operasyon militè espesyal".

Tribinal te jwenn Google koupab tou deske li pa wete video ki bay kèk mwayen pou antre nan enstalasyon ki pa ouvè pou timoun minè, dapre ajans nouvèl yo, san li pa presize ki jan de enstalasyon.

XS
SM
MD
LG