Accessibility links

Breaking News

Gmail Google Gen 20 An Jodia


Foto Achiv: Ko-fondate Google, Sergey Brin (a goch) ak Larry Page devan katye jeneral konpayi a nan Kalifoni, 15 Janvye 2004.
Foto Achiv: Ko-fondate Google, Sergey Brin (a goch) ak Larry Page devan katye jeneral konpayi a nan Kalifoni, 15 Janvye 2004.

Ko-fondatè Google yo, Larry Page ak Sergey Brin te adore pran moun nan pèlen. Yo te tèlman renmen sa ke yo kòmanse avanse ide farfelu chak ane pou premye Avril.

Mesye yo di moun te finn abitye ak pwason d Avril yo donk yo te aprann pou yo ri olye fache.

Men se jou sa a Google te chwazi pou devwale yon bagay pèson pat kwè te posib, sa gen 20 an desa jou pou jou, 1 Avril.

Sa yo te devwale se Gmail - yon sevis gratis kourye elektwonik ki te bay itilizate yo yon gigabyte stokaj gratis. Stokaj sa a te 250 a 500 fwa plis pase kapasite lot sevis kourye elektwonik tap ofri nan epok la.

Gmail te revolusyonize kourye elektwonik an menm tan ke li te lanse ekspansyon Google ki te vinn depase rechèch sou entenèt la.

XS
SM
MD
LG