Accessibility links

Breaking News

Titan Teknoloji Ameriken yo ap Bay Senatè yo Konsèy sou Entelijans Atifisyèl an Prive


Elon Musk, PDG X (Twitter) ak Tesla rive nan Kongre a pou asiste yon rankont Sena a sou entelijans atifisyel, nan Washington, 13 Sept. 2023.
Elon Musk, PDG X (Twitter) ak Tesla rive nan Kongre a pou asiste yon rankont Sena a sou entelijans atifisyel, nan Washington, 13 Sept. 2023.

Lidè Majorite Sena Etazini an, Chuck Schumer ap pale depi plizyè mwa sou lide pou Sena a ta adopte yon lwa ke Demokrat ak Repibliken apiye e ki ankouraje pou yo devlope rapidman entelijans atifisyèl pandan yap jere pi gwo risk li poze yo.

PDG Meta a, Mark Zuckerberg (mitan) ak madanm ni Priscilla Chan rive nan Kongre a pou yon rankont ak Sena a sou entelijans atifisyel nan Washington, 13 Sept. 2023.
PDG Meta a, Mark Zuckerberg (mitan) ak madanm ni Priscilla Chan rive nan Kongre a pou yon rankont ak Sena a sou entelijans atifisyel nan Washington, 13 Sept. 2023.

Mèkredi, Schumer konvoke yon rankont ak kèk pami responsab pi gwo konpayi teknoloji Ameriken yo pou mande yo kijan Kongrè a ta dwe fè sa.

PDG Alphabet/Google la Sundar Pichai (mitan) rive nan Kongre a pou patisipe nan rankont sou entelijans atifisyel la, nan Washington, 13 Sept. 2023.
PDG Alphabet/Google la Sundar Pichai (mitan) rive nan Kongre a pou patisipe nan rankont sou entelijans atifisyel la, nan Washington, 13 Sept. 2023.

Rankont la, kap dewoule dèyè pòt fèmen gen patisipasyon, PDG Meta Mark Zuckerberg, X ak Tesla Elon Musk, epi Microsoft Bill Gates.

PDG Microsoft la, Bill Gates rive nan Kongre a pou rankont ak Sena a sou entelijans atifisyel nan Washington, 13 Sept. 2023.
PDG Microsoft la, Bill Gates rive nan Kongre a pou rankont ak Sena a sou entelijans atifisyel nan Washington, 13 Sept. 2023.

Li envite tou le 100 senatè yo pou yo patisipe, men pa piblik la.

Schumer te louvri sesyon an ak yon deklarasyon kote li di "jodi nap tanmen yon jefò ki enòrm, konplèks e esansyèl ki se bati yon fondasyon pou politik AI (entelijans atifisyèl) ke Demokrat kou Repibliken apiye e ke Kongrè a ka adopte."

Apre rankont la, jounalis AP a te kontre ak Elon Musk ki esplike poukisa li kwe kontwol nesesè

" Li enpotan pou n gen abit menm jan nan spo genyen abit pou jere match yo. Yo asire tout moun respekte règ yo, jwe yon fason ki jis. Donk mwen kwè li osi enpotan pou gen yon kontwolè ki aji tankou yon abit pou asire okenn teknoloji pa poze menas pou lavi publik la an jeneral."

PDG X ak Tesla a kontinye pou di rankont la te byen pase.

"Diskisyon an te trè sivilize. Senatè yo te poze anpil kestyon. Mwen kwè rezilta a ap pozitif. Mwen kwè nou ka wè l pita tankou yon rankont istorik pa rapo ak sivilizasyon."

Sou kestyon entelijans atifisyèl la Musk admèt fok yo pran anpil prekosyon.

"Mwen kwè avni nou gen yon seri pwobabilite - olye de sètitud. Pa gen anpil chans pou AI touye nou - men se posib. M'kwè fok nou konsidere tou fajilite sivilizasyon imèn nan. E siw etidye listwa ou reyalize gen yon kwasans ak echèk pou tout bagay. Chak sivilizasyon gen yon peryod lavi limite. Donk nou ta renmen pou kretyen vivan dure pi lontan posib."

XS
SM
MD
LG