10 mwa aprè premye kontenjan peyi Kenya te debake ann Ayiti, nan objektif pou ede retabli lapè ak konbat gang ak zam k ap feraye, popilasyon Ayisyen an toujou konfyan sou travay misyon miltinasyonal, sipò ak sekirite a.
Pòtoprens, Ayiti (AP) — Yon kowalisyon gang lanse nouvo atak nan Pòtoprens, pandan lapolis fè sèman pou met lòd nan dezòd kont mesye ame yo.
Gwoup nèg ak zam mete dife nan lokal radyo televizyon karayib ki twouve l nan ri Chavàn, nan Pòtoprens. Ensidan sa rive nan lannuit 12 pou rive 13 mas 2025 lan.
Polis nasyonal Dayiti (PNH) t òganize yon konferans pou laprès pou yon bilan sou tout dènye operasyon l yo, atravè peyi a. Konferans sa a te dewoule mèkredi 12 mas 2025 lan, nan Direksyon nasyonal santral polis jidisyè a (DCPJ).
Sitwayen k ap viv nan divès katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ap mete presyon sou KPT a ak gouvènman an pou fòse yo rezoud pwoblèm gang ki anvayi kapital la.
Pandan l t ap entèraji sou Magik9, lendi 10 mas 2025 lan, Delege Depatmantal Sant lan, Frédéric Occéan, fè konnen gen plizyè kagezon sispèk ki disparèt nan dwàn Beladè a.
Minis Enteryè peyi Dayiti, Paul Antoine Bien-Aimé, enstale nouvo Komisyon Nasyonal Dezameman ak Reyensèsyon an (CNDDR), lendi 10 mas 2025 lan.
Soti bò 5è nan aprèmidi jiska 9è nan aswè, sititiyasyon an te malouk nan katye Kafou fèy, ki sibi yon lòt fwa ankò atak gwoup gang yo, jou madi 11 mas 2025 la.
Sipòtè Prezidan Fritz Alphonse Jean nan Okap espere li pral batay pou chanjman nan peyi dAyiti.
Fòs lòd yo nan tèt kole ak Brigad vijilans zòn Trianon, yon lokalite nan Mibalè, sezi 3 zam otomatik ak 10 mil 460 katouch, nan yon ti bis ki te gen 4 moun. 2 nan moun sa yo pran Bwa kale, 2 lòt yo rive chape poul yo.
Noelson Metelus, alyas "Zo Pipe" yon prezime manm gang Canaan, mouri anba men popilasyon nan Sodo, apre Lapolis Nasyonal Ayiti te mete l anba kòd.
Ladwann nan Repiblik Dominikèn, anonse yo sezi yon kagezon zam ak katouch ki t ap pran direksyon Ayiti.
Load more