VOA: Prezidan Trump Deklare Washington ap Negosye ak 4 Achtè Potansyèl ki Enterese ak TikTok
4 gwoup ap negosye ak otorite ameriken yo, pètèt yo pral gen posiblite pran tèt TikTok Ozetazini, ke gwoup chinwa Bytedance posede, e ke Donald Trump vle fòse l vann li.
Menm jan ak vòl tès Spacex te fè nan mwa janvye, konpayi milti-bilyonè Elon Musk yon lòt fwa ankò te pèdi kontak ak dezyèm etaj fize a, Starship la ke yo te lanse Jedi 7 mas la dapre sa yon ofisyèl te anonse pandan yon emisyon videyo.
Anpil Anplwaye Federal resevwa yon imèl Elon Musk k ap dirije Depatman Efikasite Gouvènman an DOGE pou mande yo bay lis sa yo te fè semèn anvan an pandan administrasyon Trump la ap mete an disponibilite anplwaye USAID yo atravè lemond epi revoke omwen 1,600 lòt.
TikTok retounen sou Apple Store ak Google Play preske yon mwa apre Prezidan Donald Trump te retade entèdiksyon li jiska 5 avril e li te asire ke konpayi tankou Apple ak Google pa ta dwe penalize pou distribye oswa kenbe aplikasyon Chinwa a nan sitèm yo.
Aplikasyon TIKTOK La Retounen Sou Apple Store
Yon gwoup envestisè ki gen Elon Musk kòm lidè di yo ofri $97.4 milya dola pou achte òganizasyon karitativ ki dèyè OpenAI la, sa ki agrave yon konfli ant konpayi entèlijans atifisyèl saa ak Musk ki te ede fonde l.
Load more