Benfica tap mennen 3 a 1 sou Katalan yo pandan apreprè demi-èdtan, men Baselonè yo te fè yon remontada ki te pèmèt yo jwenn kalifikasyon yo pou wonn 16 la.
Lachin raple mèkredi li "pa janm foure bouch" nan koze ki gen rapò ak Kanal Panama a, pandan prezidan ameriken Donald Trump menase pran kontwòl pasaj maritim sa a li konsidere Peken ap "eksplwate".
Kèk èdtan apre Prezidan Donald Trump te pran pòs li, administrasyon li an wetire vèsyon panyòl sit entènèt ofisyèl Mezon Blanch la.
Prezidan José Raul Mulino deklare mèkredi Kanal Panama a pa t yon kado yo te resevwa nan men Etazini, apre Prezidan Donald Trump te menase pou "reprann kanal la."
Mèkredi, chèf Nasyonzini an, Antonio Guterres, remèsye efò diplomatik Donald Trump ki te ede reyalize yon trèv nan Gaza apre 15 mwa lagè.
Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) "regrèt" desizyon Etazini pran pou l kite òganizasyon an, jan Donald Trump te anonse sa lendi, premye jou dezyèm manda li a, dapre sa yon pòtpawòl te di madi.
Lame ikrenyèn nan anonse madi li te frape yon depo gaz ak yon sit endistriyèl aviyasyon nan lwès Larisi nan yon atak ak dwòn.
Prezidan Komisyon Ewopeyèn nan, Ursula von der Leyen, garanti madi Inyon Ewopeyèn pral montre li "pragmatik" avèk Etazini apre retou Donald Trump nan Mezon Blanch la.
Lachin angaje l madi pou soutni Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), apre prezidan ameriken Donald Trump te siyen yon dekrè lendi pou wetire Etazini nan òganizasyon an, apre li te kritike sevèman jesyon li nan pandemi Covid-19 la.
Lachin kalifye madi kòm "entimidasyon" desizyon nouvo prezidan ameriken an, Donald Trump, pran pou l remete Kiba sou lis nwa peyi ki ap sipòte teworis.
Fanmi Ryan Corbett, yon Ameriken ki te nan prizon nan Afghanistan anba men Taliban yo, te eksprime madi "rekonesans san limit" pou liberasyon n, nan kad yon echanj prizonye ant Kaboul ak Washington.
Inyon Ewopeyèn "wè ak enkyetid" anons retrè Etazini nan Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) epi li espere nouvo prezidan ameriken an, Donald Trump, va re-evalye desizyon li an, dapre sa yon pòtpawòl Komisyon IE a te deklare madi.
Kèk èdtan apre Prezidan Donald Trump te fin prete sèman lendi 20 janvye a, li te siyen yon dekrè pou wetire Etazini nan Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS).
Prezidan ameriken an, Donald Trump, yon lòt fwa ankò wete Etazini nan Akò klima Pari a, yon desizyon ki kapab mete an danje efò kap fèt mondyalman kont chanjman nan klima a.
Ak tout vwa san manke youn, Sena ameriken an apwouve Marco Rubio kòm Sekretè Deta, sa ki mete senatè repibliken an, ki te popilè anpil nan mitan kamarad li yo, nan tèt diplomasi amerikèn nan.
Lendi 20 janvye a, apre prezidan repibliken a te pran kontwòl Lamezon Blanch, Washington te mete kiba sou lis peyi kap sipòte teworis.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè lendi 20 janvye a ki bay lòd pou administrasyon n nan pa fè respekte, pandan 75 jou, lwa ki entèdi rezo sosyal TikTok fonksyone sou tèritwa ameriken an.
Lame peyi Larisi deklare li pran kontwòl 2 vil nan lès Ikrèn, youn nan yo chita sou yon distans 6 kilomèt nan sid Pokrovsk, yon vil kle pou lojistik fòs ikrenyen yo.
Izrayèl anonse pandan nan nwit dimanch pou leve jodi lendi a li lage 90 prizonye palestinyen nan kad premye echanj prizonye yo te prevwa nan ako trèv avek Hamas la, apre mouvman Islamis la te lage 3 otaj israyelyen ki te femen nan Gaza.
Lidè opozisyon venezyelyen an, Maria Corina Machado, ki toujou konteste viktwa Nicolas Maduro nan eleksyon prezidansyèl 2024 la, te lanse apèl dimanch pou mande pou yo bòykote eleksyon k ap vini yo nan Venezuela.
Load more