Yon Jij Federal Ameriken Rejte Demann Aktivis yo Fè pou Anpeche Gad Fwontyè Refoule Migran kap Chache Azil yo

Foto Achiv: Migran fe la ke sou fwontye Etazini ak Meksik pandan Gad Nasyonal Texas ap veye nan vil El Paso, Texas, 10 Me 2023.

Otorite Ameriken yo pral kapab kontinye refoule migran kap chache azil yo sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik la, si yo pa gen randevou pou fè sa, atravè app mobil CBP One nan.

Yon jij federal pran desizyon sou dosye a Vandredi nan San Diego. Militan kap defann dwa migran yo pat kontan ditou.

Desizyon an se yon viktwa pou administrasyon Biden nan ak apwoch li pou kreye nouvo mwayen legal pou migran yo antre Ozetazini.

Apwoch la rann ni pi difisil tou pou moun ki pa suiv metod yo preskri yo pou mande azil.

Gen plis pase 263,000 moun ki pran randevou sou app CBP One nan depi yo te lanse li pandan peryod ant mwad Janvye ak Out la.