Accessibility links

Breaking News

Rapò OIM Moutre Dè Santèn Moun Mouri Chak Ane Nan Travèse Dezè Danjere pou Chache Antre Etazini


Immigration Texas
Immigration Texas

Fwontyè Etazini-Meksik la se wout migrasyon atè kote plis moun pèdi lavi, dapre ajans migrasyon Nasyon Zini an.

Dènye rapò Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon an (OIM) moutre ke dè santèn moun mouri chak ane nan travèse kèk dezè danjere pou chache antre Etazini.

OIM bay chif ki moutre gen 1457 moun ki mouri oubyen disparèt nan Amerik yo an 2022, epi 686 moun ki mouri oswa disparèt nan rejyon fwontyè Etazini-Meksik la sèlman.

“Sa ki dwe fèt, se pou peyi yo aji sou enfòmasyon sa yo pou asire ke wout kote migran yo pase regilyèman, yo bon epi yo san danje,” se deklarasyon Madam Michele Klein Solomon, ki dirije OIM pou rejyon Amerik Santral, Amerik di Nò ak Karayib.

Ajans l-ONU an di 2022 se ane kote li anrejistre plis moun ki pèdi lavi nan mond la depi OIM te tanmen Pwojè Migran ki Disparèt la yo an 2014.

Patwouy Fwontyè Etazini anrejistre plis pase 8000 migran ki mouri sou fwontyè ak Meksik la depi 1998. Moun ki ap defann imigran di vrè chif la pi wo toujou.

XS
SM
MD
LG