Palestinyen yo Mande pou Evakye Pi Gwo Lopital Gaza a

Palestinyen pote dey pou fanmi yo ki mouri nan bonbadman Izrayel fe nan Gaza, Madi 14 Nov. 2023.

Otorite Palestinyen yo pwopoze pou la Kwa Wouj sipèvize evakyasyon yon lopital ki anba syèj nan Gaza. Pandansetan, otorite lasante yo lanse avètisman pou di sèl fason pou sove 3 douzèn ti bebe ki fèk fèt se yon seselfe pou yo ka transpòte yo soti Gaza.

Apre plizyè jounen batay ak militan Palestinyen yo, fòs Izrayelyen yo ansèkle lopital Shifa a.

Plizyè santèn pasyan, anplwaye medikal ak moun ki kouri kite kay yo bloke andedan lopital la, pandan pwovizyon medikal ak elektrisite pou kouvez ak lòt ekipman yo prèske finn disparèt.

Pi gwo lopital Gaza a vinn reprezante yon senbòl soufrans Palestinyen nan lagè ant Izrayèl ak Hamas la e ki ale bokou pi lwen pase mi li yo.