Palestinyen nan Chicago ap Pote Dèy pou yon Tigason Mizilman ki Mouri nan yon Krim Rayisman

Fanmi Wadea Al Fayoume pote sekey li antre nan yon Moske nan Bridgeview, eta Ilinwa, 16 Oktob, 2023.

Yon foul moun te rasanble nan yon banlye kote anpil Palestinyen abite nan Chicago pou rann yon dènye omaj ak yon tigason Mizilman ki gen 6 zan ki mouri nan swadizan yon krim rayisman.

Otorite yo devwale nouvo detay Lendi sou prèv ki te ede yo akize pwopriyetè kay kote fanmi pitit la te rete a. Neg la pwayade ni tigason an ni manman li.

Wadea Al-Fayoume mouri pwayade Samdi apre sispek la te pike l ak kouto plizyè douzèn fwa nan yon atak brital ki soulve kondanasyon resonsab eli yo epi Lamezonblanch.

Tigason an te fèk gen 6 zan.

Yon manm fanmi an li yon teks mesaj manman tigason an te resevwa kote li fè konnen dènye pawòl pitit la sete: "Manmi, mwen anfòm."

Otorite yo di pwopriyetè kay la atake yo paske li te vekse akoz lagè Izrael-Hamas la.