Accessibility links

Breaking News

Lidè Inyon Ewopeyen yo Pral Fè Chita Tande pou Diskite sou Konsekans Lagè Izrael-Hamas la


Prezidan Konsey Ewopeyen an Charles Michel pale pandan yon entevyou esklizif ak Associated Press nan Brussels, 13 Oktob, 2023.
Prezidan Konsey Ewopeyen an Charles Michel pale pandan yon entevyou esklizif ak Associated Press nan Brussels, 13 Oktob, 2023.

Yon responsab wo plase Inyon Ewopeyen an deklare lidè blòk la pral fè yon rankont o somè dijans Madi nan moman kè sote ap ogmante pou lagè Izrael-Hamas la pa ogmante tansyon ant kominote Juif ak Arab yo an Ewòp.

Inyon Ewopeyen an gen kè sote pou plis refije pa debake lakay yo pou chache azil.

Prezidan Konsèy la, Charles Michel deklare "konfli a taka gen konsekans sekiritè grav pou sosyete nou yo."

Depi atak Hamas la 7 Oktòb pase a, La Frans entèdi tout manifestasyon pwo-Palestinyen e kantite atak kap fèt kont Juif yo ogmante.

Gen manifestasyon ki dewoule nan lòt peyi Ewopeyen.

Almay ogmante sekirite a lakay li tou, epi entèdi manifestasyon pou apiye Hamas.

Lidè yo pral eseye retabli lòd la tou, apre kèk mesaj piblik depaman e anbarasan.

XS
SM
MD
LG