Accessibility links

Breaking News

Biden Ranvwaye yon Vizit li te Sipoze Fè nan Kolorado nan Moman Konfli Izrael-Hamas la ap Entansifye


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden rive Filadelfi 13 Oktob, 2023.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden rive Filadelfi 13 Oktob, 2023.

Prezidan Joe Biden ranvwaye yon vwayaj li te gen pou l fè Lendi nan Colorado, e li pral rete Washington pito pou konsantre l sou konfli nan Mwayèn Oryan an kap entansifye.

Prezidan Demokrat la mete sou kote yon opòtinite pou l chante lwanj akonplisman ekonomik li yo pandan lap postile pou yon dezyèm manda.

Biden tapral nan zon Depite Lauren Boebert la Lendi, kote li tapral vizite yon gwo enstalasyon elektrisite ki mache ak van.

Olye de sa, Biden pral rankontre konseye li yo pou diskite sou Izrael.

Biden ap reflechi pou wè si li ta dwe al vizite rejyon an pou montre sipo li pou Izrael apre atak sipriz Hamas lanse 7 Oktòb la ki lakoz plis pase 1,400 moun mouri.

XS
SM
MD
LG