'M'Pale Kare Avè yo' - Emisè Gouvènman Ayisyen nan Repiblik Dominikèn Supplice

Daniel Supplice, Emise Espesyal Gouvenman Ayisyen an nan Repiblik Dominiken, pandan yon konferans pou lapres, 16 Nov. 2021.

Daniel Supplice, Emisè Espesyal Gouvènman Ayisyen an Repiblik Dominikèn bay laprès yon kont randi vizit li sot fè nan peyi vwazen an pou "kalme jwet la", dapre sa li di. Se Premye Minis Ariel Henry ki te ba li misyon sa a. Misye di li te deside pa bay okenn detay sou Twitter, ni rezo sosyal yo anvan ke li remet rapo li sou vizit li bay PM la.

Pandan konferans de près li a, Madi swa, Misye Supplice, yon ansyen anbasadè Ayiti nan Repiblik Dominikèn dekri tèt li tankou "senp sitwayen Ayisyen." Li fè konnen responsab Dominiken yo, pami yo Prezidan Luis Abinader ak minis afè etranje a te byen resevwa li.

"Yap swiv sityasyon Ayiti a de pre e yo gen yon mo pou di," Supplice di la près.

Dapre emisè a, li te rankontre Ayisyen ak Dominiken nan Santo Domingo ak Santiago pou diskite sou: frontyè a, sityasyon etidyan ayisyen yo, ayisyen kap sèvi swen sante dominiken yo epi, idantifikasyon ayisyen.

Frontyè

Sou kestyon frontyè a, Supplice di "m'pale kare ave yo. M'mande yo kareman sak genyen."

Ansyen anbasadè a di responsab dominiken yo eksprime kè sote yo pa rapo ak gouvènman ayisyen an ki ta sanble pèdi kontwol teritwa nasyonal la. Li di yo o kouran ke ann Ayiti gen de zon "non dwa" ke gang yo kontwole e yo pè pou gang sa yo pa vinn travèse frontyè a.

"Yo pe pou gang travese Repiblik Dominikèn epi nui tourism nan," Supplice fè konnen.

Kom solisyon li pwopoze pou yo re-fome yon Komisyon Mikst ki ta gen Ayisyen ak Dominiken ladann pou travay pou rezoud pwoblem sa yo. Komisyon an ta pataje tou enfomasyon sou fijitif la jistis tou 2 peyi yo, epi kole tèt ansanm pou pwoteje frontyè a.

Etidyan

Sou kestyon viza etidyan an, Supplice di baz pwoblem nan se iregilarite papye yo.

"Pèsonn pa konnen konbyen etidyan ki genyen. Etidyan Ayisyen yo pa vinn enskri nan anbasad la," li deklare.

Dapre sa li konstate apre rankont li ak etidyan Ayisyen nan peyi a, anpil nan papye yo pa konfome ak nom yo.

"Gen anpil fo papye, fo papye bakaloreya. Sa gen konsekans sou moun ki an règ yo," Supplice fè konnen. Li di li vinn aprann ke fo papye sa yo sèvi pa fwa pou travayè sektè konstriksyon ak agrikilti yo e sa koze pwoblèm.

Supplice di Anbasadè Augustin ap travay ak minis afè etranjè a sou kestyon an.

Sèvis Sante

"Mwen pwoteste enèjikman sou fason dèz ajan federo Dominiken antre nan lopital pou pran fanm ansent pou depote yo. Mwen mande minis la dirèkteman," Supplice deklare.

"Minis la di se pa lod ki bay - se ajan yo ki aji poukont yo."

Supplice di li reitere nan konvèsasyon li ak minis la ke dwa moun, diyite yo, dwa fanm dwe respekte lè yap pran mezi kont Ayisyen.

"Yo prezante ekskuz yo," Supplice di. Li ajoute ke nan ka kote yon ajan Dominiken te "bruskule" yon konsul adjwen Ayisyen, yo revoke li.

Supplice di kom solisyon yo anvizaje reprann pwojè konstriksyon lopital sou frontyè a. Li di gouvenman Ayisyen an pral fè demach yo "rapid rapid - nou deja fè reyunyon sou sa." Dapre li, ide a se ta pou remete an plas, oubyen remanbre enstans sanitè a "pou moun yo pa oblije ale Repiblik Dominiken pou chache swen sante."

Li fè remake ke 60% etidyan Ayisyen yo se nan sektè sante yo ye. "Nou ka itilize yo sou frontyè a," li deklare.


Imigrasyon

Sou kestyon imigrasyon, youn nan pi gwo pwoblèm yo se "paspo a two chè", dapre Supplice. Li fè konnen pwosesis pou renouvle paspo a trennen e sa lakoz moun ki te legal vin pa legal anko.

"Ou nan lari a san okenn pyes idantite. Si ou kontre ak yon polisye ki koronpi lap fe w peye, si ou kontre ak yon polisye ki dwat lap depote'w. "

Li di Anbasad Ayiti ap travay sou sa men "se trè difisil" e ke "yo bezwen bakop sou sa."

"Pat gen echanj de mo iritan antre nou. Yo aksepte relouvri konsula Dominiken an," li deklare.

An rezime, ansyen anbasadè a di sa te vo lapèn pou'l vwayaje Repiblik Dominiken.

"Fok nou kontinye avanse, kenbe kontak avè yo. Gen 500,000 Ayisyen kap viv an Republik Dominiken," li ajoute.