Accessibility links

Breaking News

'Pa Gen Konfli' Ant Ayiti ak Republik Dominikèn Dapre Minis Claude Joseph


Minis Afe Etranje Ayiti Claude Joseph, ak Jacquelin Belizaire nan studyo Vwadlamerik nan Washington, 2 Nov. 2021.
Minis Afe Etranje Ayiti Claude Joseph, ak Jacquelin Belizaire nan studyo Vwadlamerik nan Washington, 2 Nov. 2021.

Nan yon entèvyou ekskuzif ak VOA Kreyol, Minis Afè Etranje Ayisyen an, Claude Joseph deklare "pa gen konfli" ant Ayiti ak Republik Dominikèn.

Minis la, kap vizite Washington jodia, kote li rankontre kèk responsab Ameriken, reponn kestyon Jacquelin Belizaire sou echanj pawol ant Minis Joseph ak responsab Dominiken yo sou kestyon ensekirite a.

Pa Gen Konfli Ant Ayiti ak Republik Dominikèn, Dapre Minis Claude Joseph
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:40 0:00


Tout bagay te kòmanse ak yon tweet ke prezidan dominiken Luis Abinader te fè, kote li te lanse yon SOS bay kominote entènasyonal la.

San pèdi tan, Minis Afè Etranje ayisyen Claude Joseph te raple chèf leta dominiken an ke Depatman D'eta Ameriken pratikman mete tou 2 peyi yo nan menm panye respektivman akoz enkyetid Etazuni genyen pou sityasyon sekirite lakay yo.

Pou Depatman Deta Ameriken an, Repiblik Dominikèn nan Nivo 3 - kivledi sitwayen Ameriken ta dwe "Rekonsidere Vwayaje ", Ayiti limenm nan Nivo 4, kivledi "Pa Vwayaje".

Minis Joseph di Prezidan Dominiken an pa prezidan Ayiti.

Luis Abinader Pa Prezidan Ayiti, Minis Ayisyen Claude Joseph Fè Remake
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:22 0:00

Kèk èdtan apre, yon gwo responsab nan Chanselri Dominiken an te anonse sou Twitter tou ke yo pran on desizyon migratwa pou yo femen pwogram viza etidyan ke yo te genyen pou elèv ayisyen yo.

Minis Joseph di se malere.

Minis Ayisyen Claude Joseph: Pwoblem Ayisyen Se Pwoblem Dominiken e Vise Vèsa
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:10 0:00


Tcheke repotaj konplè nou sou entèvyou nou ak Minis Claude Joseph nan pwogram Randevou a 4h EST sou www.voanouvel.com, VOAKreyol Facebook epi VOAKreyol Instagram.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG