Jamayik Fè Match Nil ak La Frans nan Mondyal Foutbòl Feminin nan

Jamayikenn Deneisha Blackwood (anle) selebre ak ekip li apre match nil la kont La Frans nan match Gwoup F yo nan stad Foutbol Sydney a nan peyi Ostrali, 23 Jiye 2023.

Jamayik fè tout moun sezi lè li fè match nil ak La Frans 0-0, nan match ouvèti li nan Mondyal Foutbòl Feminin FIFA a.

Fransèz Kadidiatou Diani eseye make yon gòl nan 90èm minit la, men san siksè.

Match nil la bay La Jamayik premye pwen li janm ranpòte nan konpetisyon mondyal la.

Ekip la rive fè sa, malgre li te oblije fini match la nan pwolongasyon ak 10 jwèz sèlman apre abit yo te egzije Khadija Shaw kite teren an.

Diani te gen petèt meyè chans La Frans pou ranpòte la viktwa, men li pat jwenn mwayen pou make yon gòl nan Stad Foutbòl Sydney a, nan peyi Ostrali.