Accessibility links

Breaking News

Angletè Kale Ayiti 1-0 nan Match Ouvèti yo nan Mondyal Foutbòl Feminin nan


Jwez Anglez Alex Greenwood (a goch) goumen ak Ayisyenn Louis Batcheba pou pran kontwol balon an pandan match Gwoup D yo nan Brisbane, Ostrali, 22 Jiye, 2023.
Jwez Anglez Alex Greenwood (a goch) goumen ak Ayisyenn Louis Batcheba pou pran kontwol balon an pandan match Gwoup D yo nan Brisbane, Ostrali, 22 Jiye, 2023.

Angletè, ki se chanpyon Ewop la te oblije goumen pou ranpote la viktwa 1-0 sou Ayiti nan match ouvèti Gwoup D a nan Mondyal Foutbol Feminin nan.

Match la dewoule nan vil Brisbane, Ostrali e jwèz Ayisyèn Melchie Dumornay ak Kerly Theus resevwa anpil akolad pou pèfomans yo.

Se gras ak yon chout penalite ke jwèz Britanik Georgia Stanway te gen opotinite re-choute nan 29èm minit la ke Angletè ranpote match la epi pran 3 pwen.

Obsèvatè yo di match Ayiti a ekspoze feblès ekip Anglèz la, ki gen anpil jwèz ki blese.

Melchie DUmornay kouri pandan jwez Anglez Millie Bright ak Georgia Stanway pousuiv li nan match Gwoup D a nan Mondyal Foutbol Feminin nan nan vil Brisbane, Ostrali, 22 Jiye, 2023.
Melchie DUmornay kouri pandan jwez Anglez Millie Bright ak Georgia Stanway pousuiv li nan match Gwoup D a nan Mondyal Foutbol Feminin nan nan vil Brisbane, Ostrali, 22 Jiye, 2023.

Antrenè ekip la, Sarina Wiegman deklare: "Nou patka predi sa Ayiti tapral fè. Nou tap tranzisyone tout tan. Se sa yo montre nou e nap goumen ak sa."

Wiegman ajoute: "Viktwa a se yon bagay ki enpotan pou nou, men fok nou mete pwen final nan apwoch nou pou ogmante chans nou (pou jwenn siksè)."

Angletè tire gol sou Ayiti 19 fwa. Theus trape balon an pou pèmèt Ayiti mentni fos li nan match la. Theus te menm stope premye chout penalite Stanway la anvan yon revizyon videyo te bay Angletè yon dezyèm chans pou choute balon an, epi make yon gol.

Seleksyon Ayisyèn nan gen ladann jwèz kap jwe an Frans pou pi fo epi kèk kap jwe Ozetazini. Se yon bagay pozitif pami tout nouvèl negativ sou Ayiti ke moun gen abitid wè nan laprès.

Pou Ayiti, le fèt ke Angletè make yon sèl gol, se yon bagay pozitif, kèk obsèvatè di.

Antrenè Nicolas Delépine di: " Nou fyè de pèfomans nou. Nou te travay di anpil e sete yon gwo eprèv pou nou. Nou te tou pre Angletè, men toujou gen bagay nou ka fè pi byen sou teren an."

Antrene seleksyon nasyonal Ayiti Nicolas Delepine reyaji apre yon chout penalite nan match kont Anglete nan Gwoup D a, nan Brisbane, Ostrali, 22 Jiye 2024.
Antrene seleksyon nasyonal Ayiti Nicolas Delepine reyaji apre yon chout penalite nan match kont Anglete nan Gwoup D a, nan Brisbane, Ostrali, 22 Jiye 2024.

Dumornay te bay defans Anglèz la anpil kè sote. Li te kreye plizyè opotinite pou Ayiti make gol, ki pat jwenn siksè.

Ayiti te prèske egalize match la, men gadyèn Anglèz la, Mary Earps te sove balon an nan 81èm minit la pou anpeche sa fèt.

Durmonay di apre match la: "Mwen ka di ke si nou ka fè sa kont Angletè, nou ka fè fas ak nempot ki ekip."

Dumornay te rate premye vre opotinite pou l make yon gol nan 35èm minit match la.

An jeneral, gran debi Ayiti nan Mondyal la te enpresyonan, devan yon foul 44,369 spektatè.

Kounyea, Ayiti ap pran wout Adelaide, kote li va fè fas ak Lachin 29 Jiyè. Angletè limenm pral jwe kont Danmark Vandredi 28 Jiyè nan vil Sydney.

XS
SM
MD
LG