Yon Kominote Bidonvil nan Tayland Lanse Efo pou Ede Timoun Anayiti

Nan vil Bangkok nan peyi Tayland, yon kominote bidonvil Klong Toey, pote kole pou ede pep Ayisyen-an goumen pou'l rekanpe soup ye'l apre tranblemann-te mwa pase-a.

Volontè ak timoun nan Fondasyon Duang Prateep, ki travay ak kominote-a, te mache, ye dimanch-la, traverse ti riyel-yo kote yo t-ap mande moun-yo bay sa-a yo gen-yen.

Winnai se yon moun ki pedi janm-ni, e ki ap sikile nan riyèl-yo sou yon chèz woulant. Winnai fè konnen lemond fe yon sèl ak pèp Ayisyen-an. Li ajoute ke moun ka wè ke pep nan bidonvil Bangkok-la ap viv pi byen pase Ayisyen-yo jounen Jodi-a. Omwen malere-yo nan Bangkok ka ale legliz pou yo mande asistans manje, men ann Ayiti, tout lye adorasyon-yo kraze.

Manman pitit-yo nan Klong Toey, youn nan katye ki pi pov nan Bangkok, te fè santi jan kè-yo touché-yo le yo te wè destriksyon-an nan televizyon. Yo te bay tou sa yo ka bay – pafwa te mètt se 20 baht (kidonk apepre 60 santim Ameriken), kek fwa $3.
Moun nan Klong Toe ap batay lontan pou yo siviv fas ak gouvenman-an ki vle mete-yo deyo nan kay-yo, fas ak dife endistriyel ak aksidan ak inondasyon lè gen lapli mouson-yo.

Prateep Ungsongtham Hata, ki te tabli Fondasyon Duang Prateep-la an 1978, fè konnen kominote-a wè li pa gen diferans ak pep Ayisyen-an.

“Malere isit-la ap fè fas ak anpik difikilte," Prateep deklare, "pa ekzanp dife te pran nan kominote-a, konsa yo te pedi kay-yo. Konsa, yo konprann sa-a malere ap sibi. Apre yo te fin wè imaj ki moutre pwoblem Ayisyen-yo, yo konprann tousuit kisa Ayisyen-yo ap sibi, e yo vle bay yon ti kichoy.” Prateep fe konnen donasyon-yo pwal jwenn fon asistans ki rele "Save the Children", Sove Timoun-yo.

Marie-Ange Sylvain-Holmgren ki te pran nesans ann Ayiti, se yon dam ki konn fè fim sinema. L'ap travay nan Bangkok, e li te chache asistans fondasyon-an pou peyi-li. Madan Sylvain-Holmgren fè konnen ke anpil fwa, moun wè malere tankou moun ki pa ka bay anyen. Li ajoute ke jenerozite kominote-a sete plis pase yon afè lajan.

“Fason nou bay-li-a, nou bay ak men-nou, e se tankou ti nott nou te ekri – e se pa yon klik nou fè nan odinate pou di transfere lajan sa-a soti nan kat Visa-mwen. Se pa menm bagay," Madan Sylvain-Holmgren deklare. "Yo souri ba-wou, e an menm tan yo ba'w kè-yo e yo bay chalè ki nan yo-menm – se sa-k gen tout valè-a – lajan-an ap fini, men sa-a ap rete.”

Tayland kontribye plis pase $15 milyon èd piblik ak prive pou Ayiti, e nan jou fett Sen Valanten-an, malere-yo nan Bangkok mete sou sa-a #3,000 pou ede moun k'ap soufri nan lot bo latè-a.