Accessibility links

 
Ayeropo Entènasyonal Ayiti a Gen Pou Relouvri Semèn sa a
Breaking News

Ayeropo Entènasyonal Ayiti a Gen Pou Relouvri Semèn sa a


Lame Amerikèn anonse vol komèsyal pral rekomanse nan ayeropo entènasyonal Ayiti a pi ta semèn sa a, plis pas yon mwa apre tranbleman'd tè katastwofik ki te devase peyi a.

Dapre yon kominike lame a fè parèt Dimanch, fos militè yo komanse remèt o fu e a mezu, kontwol trafik ayeryen pandan la jounen bay otorite Ayisyen yo. Prensipal konpayi ayeryèn yo gen pou yo rekomanse vol pou ale Potoprens, Vandredi sa a.

Jeneral Douglas Fraser, chèf komandman sud Etazuni deklare yo redui kantite solda Ameriken ki Anayiti de 20,000 a 13,000, nan moman kote misyon solda sa yo ap chanje de "sekou imedya" pou Ayiti a yon asistans "a long tèrm."

Ayisyen te obsève yon jounen dèy nasyonal semèn pase a pou plis pase 217,000 moun ki mouri nan tranbleman'd tè 12 Janvye a.

Sitwayen yo te patisipe nan selebrasyon tout relijyon toupatou nan Potoprens Vandredi pase, swa yon mwa apre tranbleman'd tè a. Prezidan Ayisyen an Rene Preval te pran la pawol nan youn nan selebrasyon sa yo pou lanse apèl bay pèp la pou'l suspann kriye e komanse rebati peyi a.

Ajans sekou entènasyonal yo ap travay prese prese pou jwenn abri pou yon afè de yon milyon moun ki rete san kay apre tranbleman'd tè a anvan sezon lapli a komanse.

XS
SM
MD
LG