Plis pase yon mwa apre tranblman de tè katastwofik 12 Janvye a, sityasyon suvivan yo, kap viv nan tant, pa sanble amelyore anpil. Gen site tant an twal ki monte bo ayeropo a, sou chanmas tou pre palè nasyonal la, nan Petion Ville ak nan Carrefour, e ki pa sanble yo an mezu pou pwoteje popilasyon an kont sezon lapli kap antre a.
Senatè Youri Latortue di nou sityasyon nan kapital la menm jan ak sityasyon nan pwovens yo. Yo pataje menm bezwen yo. "Nou bezwen medikaman, 1, nou bezwen wè si ke yo te ka banou kabann pou nou ogmante lopital de sekou la, nou bezwen medsen ... e sitou nou bezwen wè nan yon premye tan, si yo te ka jwenn tant pou nou relokalize malad yo apre yo soti lopital," Senatè a deklare.
Pou sa ki gen rapo ak distribusyon èd alimantè a majorite pwoblèm yo poze nan Potoprens, kote yon pakèt dam chankre pou resevwa èd ki te supoze rezève pou yon katye an patikulye.
Yon lot kote, plis pase yon mwa apre pasaj tranbleman de tè a, Potoprens bezwen yon netwayaj pou ranmase debri ak kadav gwo soukous la kite dèyè. Pandansetan, dè santèn milye moun ap mande ki avni peyi D'Ayiti ap kite pou yo. Moun sa yo di yo pa konnen ki kote yo pral jwenn resous pou rekonstwi kay yo ki finn kraze nèt e ke yo te pase dè dizèn lane ap travay pou konstwi.