Foutbòl: Melchie Dumornay ak Lyon mete Do ekip Wolfsburg a Atè (2-0)

SOCCER-CHAMPIONS-WOB-OL/REPORT

Sipèsta ayisyèn an, Melchie Daelle Dumornay, gras a yon gwo pèfòmans, ede ekip Lyon an bat (2-0) ekip Wolfsburg, ayè jedi 17 oktòb la, nan lig chanpyon yo.

Pou dezyèm jounen lig chanpyon yo, Corventina ak ekip Lyon te deplase nan estad AOK, nan peyi Almay pou al jwe kont ekip Wolfsburg a.

Entènasyonal ayisyèn nan pote Lyonèz yo nan match foutbòl sa.

Dabò ak yon pas desizif pou kapitèn li, Wendy Renard ki te ouvè eskò a, ak yon kout tèt ki t al benyen nan kan an.

Ak yon pas byen doze, a anviwon 20 mèt, Melchie Dumornay, met balon an sou tèt defansè fransèz ka, ki twonpe gadyen Wolfsburg a pou premye gòl nan match la.

Fenottes yo ta pral fè yon dezyèm gòl pou konfòte avans yo nan match la. Se ankò Melchie Dumornay ki t ap pral pwovoke gòl la.

Grenadyè a te pwovoke yon penalite, apre yon defansèz Wolfsburg ta pral takle l nan kare a.

San ezite, abit la soufle penalite.

Amerikèn nan, Lindsay Horan, te choute penalite a e fè 2è gòl la pou ekip Lyon an.

Melchie Dumornay pa fè gòl nan match la, men foutbolèz ayisyèn nan te sou tou 2 gòl Lyon fè yo. Ekip Lyon domine Wolfsburg pou siyen 2è viktwa l nan Lig chanpyon yo.

Yon viktwa ekip Lyon an "merite", selon bitez Ayisyèn nan ki kwè Lyon te metrize match la.

"Mwen panse nou merite genyen match la. Nou kontwole rit match la" deklare Melchie Dumornay, apre match foutbòl la.

Pi lwen, Mibalezyèn nan fè konnen ekip la pral kontinye travay pou yo ka amelyore finisyon yo devan kan an.

Melchie Dumornay ak ekip Lyon an ap jwe dimanch k ap 20 oktòb la, kont ekip Paris FC nan kad 5è jounen chanpyona Lafrans lan.

N ap raple jeni foutbòl ayisyen an fè pati de Grenadyè ki pral defann koulè Ayiti nan yon tounwa seleksyon nasyonal fanm nan pral patisipe nan peyi Tiki.

Nan tounwa sa ki ap dewoule soti 23 pou rive 30 oktòb 2024, Grenadyè yo ap jwe twa match.

Ayiti vs Jòdani: 23 oktòb

Ayiti vs Lachin: 26 oktòb

Ayiti vs Larisi: 29 oktòb