Accessibility links

Breaking News

Foubòl: Melchie Dumornay ap Krache Dife nan Chanpyona Lafrans lan


Melchie Dumornay pandan match foutbol Olympique Lyonais kont Paris St. Germain nan peyi la Frans, 20 Avril, 2024.
Melchie Dumornay pandan match foutbol Olympique Lyonais kont Paris St. Germain nan peyi la Frans, 20 Avril, 2024.

Entènasyonal ayisyèn nan, Melchie Daelle Dumornay, kontinye ap krache dife nan kòmansman champyona Lafrans lan, kote li gentan fè 4 gòl nan sèlman 3 match. Dènye viktim li se ekip Montpellier a.

Pou 4èm jounen chanpyona D1 Arkema a, Ekip Lyon an, ki gen ladan l, sipèsta ayisyen an, Melchie Dumornay, woule anba kòl (4-0) ekip Montpellier a, nan week-end ki sot pase la.

Corventina ki te kòmanse match la pou Fenottes yo, patisipe nan viktwa (4-0) ekip li a pase medam Montpellier yo

Yon lòb ki frape nan poto nan ķòmansman match la, yon kout tèt ki al benyen nan kan an, yon drib pou elimine yon defansè, ki oblije fè fot nan kare a, sa ki pouse abit la bay penalite... Melchie Dumornay te kenbe ekip Montpellier a nan gòj.

Grenadyè a te peze anpil sou defans lan ak drib li yo, ak vitès li, chout nan kan, pou ede ekip li fè yon 4èm viktwa nan chanpyona a.

Dumornay fè 3è gòl nan match la, ak yon kout tèt ki te al benyen nan filè a.

Grasa kokennchenn pèfòmans li kont ekip Montpellier a, bitez ayisyèn nan ranpòte tit pi bon jwez match la.

Melchie Dumornay ap retounen sou teren ankò, madi, pou defann koulè Lyon nan lig chanpyon yo, kont ekip Galatasaray la.

N ap raple sezon pase a, jwez ayisyèn nan, ki gen sèlman 21 lane, se li k te ranpòte pri pi bon jèn jwez konpetisyon sa.

XS
SM
MD
LG