Ayiti: Plis Pase 41% Moun ap Viv nan Yon Mizè Makawon

Pictures of the Week Global Photo Gallery

Plis pase 41% moun k ap viv an Ayiti yo ap viv nan yon mizè ki rèd anpil.

Se sa Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD) revele nan yon rapò li mete deyò, jedi 17 oktòb 2024 la.

Dapre ajans Nasyonzini an, Ayiti se peyi nan kontinan ameriken an ki gen plis moun k ap viv nan mizè ki makawon.

41,3 % popilasyon an nan lamizè, selon PNUD. Sa vle di, plis pase 4.9 milyon Ayisyen ap viv nan yon mizè ki rèd anpil.

Batay ant gang ou aktivite gang yo ap anvlimen sitiyason an.

Pou Sabina Alkire, ki se direktris Oxford Initiative, "lagè mete yon sikatris k ap dire nan lavi moun. Lagè fè l vin pi difisil pou redui lamizè".

An Ayiti, plis pase 700 mil moun oblije kouri kite lakay yo akoz aktivite ki gen pou wè ak gang, dapre sa OIM fè konnen.

Anpil nan moun sa yo kite tout sa yo genyen pou al viv nan sit oubyen kan.