Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Daprè Kèk Obsèvatè Akizasyon Koripsyon Vin Febli Konsèy Tranzisyon an


Foto Achiv: PM Garry Conille ak manm konsey tranzisyon an: Louis Gerald Gilles, Smith Augustin, Leslie Voltaire, Regine Abraham, Edgard Leblanc Fils, Emmanuel Vertilaire, Frinel Joseph and Fritz Alphonse Jean.
Foto Achiv: PM Garry Conille ak manm konsey tranzisyon an: Louis Gerald Gilles, Smith Augustin, Leslie Voltaire, Regine Abraham, Edgard Leblanc Fils, Emmanuel Vertilaire, Frinel Joseph and Fritz Alphonse Jean.

Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC), yon òganizasyon leta ayisyen, rekòmande Mèkredi 4 oktòb nan yon rapò ankèt pou gen pousuit jidisyè kont 3manm nan konsèy tranzisyon an pou abi pouvwa, pran lajan anba tab ak koripsyon.

Rapò ULCC sa a, yo t ap tann depi plizyè semèn, lonje dwèt sou Louis Gérald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire, manm Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la, ki te mete sou pye apre demisyon Premye Minis Ariel Henry fas vyolans gang ki te deklanche nan peyi a.

Lè yo te pibliye rezilta ankèt la, direktè jeneral ULCC Hans Ludwig Joseph te fè konnen dosye a te transmèt bay lajistis peyi a.

Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la ansanm ak konseye ki enplike yo poko reyaji sou rapò ULCC a.

Edouard Paultre, ki nan òganizasyon Ansanm kont koripsyon (ECC) te reyaji konsa nan mikwo AFP "Konsèy prezidansyèl la diskredite epi afebli, sitwayen yo pa gen konfyans ankò. Mwen pa wè ki jan nou pral kapab rekole moso yo. Avni konsèy la pa klè ditou."

Sou bò politik la, plizyè responsab ap mande demisyon yo.

Pascal Adrien, youn nan manm mouvman Louis Gérald Gilles fè konnen "Menm si se yon pou ti bout tan, reprezantan nou an ta dwe rale kò l, sa nesesè pou pwoteje entegrite tranzisyon an. Nou deja pran mezi pou ranplase l '".

Haiti President Killed
Haiti President Killed

Bò kote pa l, Claude Joseph, yon manm pati Smith Augustin a, deklare li "deja mande" reprezantan lan pou l demisyone.

Si se vre 2 mouvman sa yo vle ranplase reprezantan yo, pa gen okenn fòmil legal pou sa fèt akòz karakterisk eksepsyonèl konsèy tranzisyon an, ki pa chita sou okenn baz konstitisyonèl oubyen eleksyon.

Ayiti, ki se yonpeyi ki pi pòv nan rejyon an, ap soufri akoz aktivite zak vyolans gang kriminèl ap menen sa ki vin debouche sou yon kriz imanitè prèske kwonik.

XS
SM
MD
LG