Ensekirite: Pòtoprens Reveye Anba Anpil Katouch

Pespektiv yon dron de Penitansye Nasyonal la apre afwontman ant PNH ak gang ame yo ki andomaje kominikasyon yo epi debouche sou evazyon prizonye yo, 3 Mas, 2024.

Pòtoprens leve anba katouch jodi 17 oktòb 2024 la, yon dat ki make 218 anivèsè lanmò papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines.

Popilasyon anba lavil reveye anba gwo kout zam nan kapital la. Moun Turgeau, Canape-vert, Lalue, champs de Mars e latriye ka tande anpil tire ki paralize aktivite yo nan lari a.

Yon lòt bò, yon abitan nan Tabarre rapòte ak yon repòtè VOA li tande anpil tire nan zòn li an.

Yon sitiyason k ap dewoule nan moman opozisyon pliryèl la lanse yon mouvman manifestasyon jodi 17 oktòb la pou rele chal bare dèyè gouvènman an.

N ap souliye tou 2 branch egzektif yo te reyini maten an nan Villa d'accueil nan kad komemorasyon lanmò anperè a.