Operasyon PNH nan Torcel: 20 Bandi Tonbe nan Boukantay Kout Zam

Lapolis Ayiti pran pozisyon devan katye jeneral PNH la nan Potoprens, apre arive Guy Philippe ke Etazini rapatriye 30 Nov. 2023.

Lapolis Nasyonal Ayiti, nan tèt kole ak kole ak fòs miltinasyonal la, mennen yon operasyon gwo ponyèt nan zòn Torcel samedi ak ayè lendi a, pou dechouke gang "Kraze baryè" a ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent.

Nan kad operasyon sa, anviwon 20 bandi tonbe nan boukantay kout zam ak lapolis, selon yon komimike PNH la mete deyò lendi swa.

Pandan operasyon gwo ponyèt la, 2e chèf gang Kraze baryè a, ki gen non Deshommes, ta pran bal, selon sa sèvis kominikasyon PNH la fè konnen.

Otorite yo di yo sezi zam, telefòn, ekipman ak materyèl sansib pandan entèvansyon sila.

Yon lòt bò, lapolis admèt gen yon cha blende ki pran pàn motè pandan operasyon yo.

Sepandan, cha blende sa ta sanble boule rapyetè, selon videyo k ap sikile sou rezo yo.

Fòs lòd yo di yo rete mobilize pou kontinye mennen operasyon sa yo pou yo ka mete men sou Vitelhomme Innocent ak tout akolit li yo.

N ap raple, Vitelhomme Innocent fè pati de moun otorite nan lakou Etazini ap chache pou enplikasyon l nan krim grav ak kidnapping 16 misyonè ameriken ak kanadyen.

Otorite yo ofri yon rekonpans 2 milyon dola vèt, pou tout enfòmasyon ki ka mennen lapolis arete Vitelhomme Innocent.