Bolivie: Ansyen prezidan Evo Morales Refize Parèt Devan Tribinal nan Kad Ankèt pou Kadejak Sou minè a

Bolivia's former President Evo Morales holds press conference, in Cochabamba

Ansyen prezidan bolivyen Evo Morales (2006-2019) refize parèt jedi a devan biwo pwokirè a nan Tarija (sid) pou reponn nan kad ankèt ki te louvri kont li pou kesyon kadejak sou minè an 2015, dapre sa avoka li te anonse.

Me Nelson Cox te di Evo Morales "pa pral prezante" nan konvokasyon sa, li denonse karaktè "ilegal" pwosedi kont kliyan li an.

M. Morales, ki gen 64 lane, te estime li se yon "viktim pèsekisyon lajistis" gouvènman prezidan Luis Arce, ki te ansyen alye li e ki kounye a se rival li kòm kandida pati ki nan pouvwa a pou eleksyon prezidansyèl 2025, ap fè kont li.

Daprè li, "gouvènman trèt la lanse yon batay jidisyè, pou kriminalize pwotestasyon sosyal ak pèsekite opozisyon politik pou l ka elimine yo."

Evo Morales te nan tèt yon manifestasyon ki gen plizyè milye sipòtè li ki te rive nan kapital la nan zòn fen mwa septanm pou li te mande demisyon gouvènman an, te gen anpli afwontman vyolan ak opozan yo nan mach sa a.

Paran prezime viktim nan te konvoke tou a jedi nan kad ankèt pou "vyòl, trafik ak komès moun sa a."

Ansyen prezidan an ta gen yon relasyon ak yon jèn fi 15 lane pandan manda li, li te gen yon pitit fi ak moun sa a an 2016. Paran yo te aji entansyonèlman pou enskri li nan "mouvman jèn" ki te sipòte Evo Morales "nan sèl objektif pou monte nan echèl politik epi jwenn avantaj (...) an echanj pou pitit fi minè yo a," sa ki ta konstitiye yon krim "trafik ak komès moun."

Evo Morales te kalifye akizasyon sa yo kòm "nouvo manti," paske, li afime, an 2020 li te deja fè fas ak yon ankèt pou menm zak yo kote "yo p at jwenn anyen sou sa."

Anplis de sa, yon depite ki pwòch M. Morales te anonse madi a yo te depoze yon plent kont prezidan Luis Arce pou plizyè krim ki soti nan yon prezime relasyon an deyò maryaj ak yon fanm li te prezante bay laprès kòm "viktim asèlman seksyèl."

Jessica Villarroel, 24 lane, te afime li te gen yon relasyon ak prezidan bolivyen an nan kòmansman manda li, li te tonbe ansent men gwosès la pat rive a tèm.