Accessibility links

Breaking News

Bolivi: Lajitis Lanse Ankèt Kont Ansyen prezidan Evo Morales pou Kadejak


Bolivia Morales
Bolivia Morales

Minis Jistis Bolivi a anonse Jedi 3 oktòb lansman yon ankèt kont ansyen Prezidan Evo Morales.

Lajistis Bolivien louvri yon ankèt kont ansyen Prezidan Evo Morales, yo akize l pou vyòl sou yon minè pandan manda li 8 lane de sa, e ta sanble gen yon pitit fi ak moun sa a, dapre sa

Minis Jistis la César Siles te di laprès "Nou te aprann, ak endiyasyon, krim grav ki rete san pinisyon: M ap fè referans an patikilye a yon tifi yo te vyole nan laj 15, 16, lane"

Minis la, ki presize yo te louvri yon ankèt, te ajoute "Apre vyòl sa a, (manman an) te fè yon pitit fi non papa ki nan batistè a, (se) Mesye Evo Morales Ayma,".

Pwosedi legal kont ansyen prezidan an, ki nan yon batay louvri ak siksesè li a, Luis Arce, pou fotèy prezidansyèl nan mwa Out 2025, miltipliye nan dènye jou sa.

Mèkredi, yon jij nan Santa Cruz (lès) anile yon manda arestasyon ki te vize Misye Morales. Manda sa a, dapre yon pati ki te sòti nan laprès, te deklare ansyen prezidan an, 64 lane, te gen relasyon ak yon tifi 15 zan nan lane 2016 e yo te gen yon pitit fi.

Ministè Jistis la, pa t bay detay sou sa yo repwoche l. Pwokirè Sandra Gutiérrez, ki te pran desizyon sa a, te di nan laprès Mèkredi a li te jwenn revokasyon l.

Mesye Morales te reyaji sou platfòm X la san l pa t mansyone dosye a klèman te di " Sa pa etone m men m p ap bay sa enpòtans. Tout gouvènman neyoliberal yo, ikonpri gouvènman aktyèl la, menase m, pèsekite m, mete m nan prizon epi eseye touye m.”

Mesye Morales te gouvène peyi a ant 2006 ak 2019 apre l sa l te ede minis ekonomis li a, Luis Arce, genyen eleksyon pou ranplase l yo.

Jodi a 2 lidè yo ap goumen pou pran tèt pati lagoch la ki sou pouvwa a ak prezans pati a nan eleksyon prezidansyèl Out 2025.

Misye Morales vle kandida malgre lajistis entèdi l sa, ap eseye, ak sipò yon branch nan pati li a, wè si l te ka fè tribinal yo sede.

Ansyen Minis Enteryè li a, Carlos Romero, te di semenn sa a gouvènman an te lanse pou piti senk pwosedi legal kont Mesye Morales, ki ap viv anba pwoteksyon kiltivatè yo nan baz li nan 'Chapare (sant).

XS
SM
MD
LG