Accessibility links

Breaking News

Yon Mach pou Ansyen Prezidan Bolivyen a, Tounen Vyolan


Bolivia Morales March
Bolivia Morales March

CARACOLLO, Bolivi (AP) — Plizyè milye manifestan anti-gouvènmantal ki t ap mache pou sipòte ansyen prezidan sosyalis Bolivi a, Evo Morales, t ap fè fas ak yon lòt manifestasyon pwo ki bloke chemen yo.

Nan demonstrasyon de fòs sila a ki pi efreyan ankò kont aktyèl Prezidan Luis Arce, ansyen Prezidan Morales te voye mesaj bay moun li yo pou yo mobilize sa li te rele yon "Mach pou sove Bolivi," yon mach ki dwe a 190 kilomèt (118 mil) kote yo te gen pou yo soti nan yon ti vilaj pou ale nan yon ti bouk nan kapital nan La Paz pou yo denonse gouvènman an.

Mach la te kòmanse nan lapè Madi maten, men li te tounen vyolan kèk èdtan apre, lè plizyè santèn nan yon lòt gwoup-manifestan, ame ak bonm gaz lakrimojèn, wòch ak peta, te kouri al konfwonte 10,000 lòt manifestan yo.

XS
SM
MD
LG