Premye Minis Ayisyen an al Chache Sipò nan Peyi Etranje Apre Masak Gang yo

US-HAITI-POLITICS-CONILLE

Premye Minis ayisyen an, Garry Conille, tanmen yon vwayaj nan Emirats Arabe Unis ak Kenya samdi 5 oktòb pou l mande èd nan kesyon sekirite apre gang yo fè youn nan atak ki pi mòtèl nan peyi a.

Ayiti sou chòk apre manm gang Gran Grif yo te atake vil Pont-Sonde, nan rejyon lwès Latibonit, byen bonè jedi 3 oktòb la, kote yo te touye omwen 70 moun, pami yo ti bebe, e te fòse plis pase 6.000 abitan kouri kite kay yo.

Semenn pase a, Konsèy Sekirite Nasyonzini an otorize fòs sekirite entènasyonal, yo te kreye pou vin ede lapolis konbat gang ak ak retabli lòd la, rete pou yon lòt ane anplis.

Jiskaprezan, misyon an pa fè gwo pwogrè nan ede Ayiti retabli lòd, avèk sèlman apeprè 400 ofisye polis, sitou kenyan, sou teren an.

Asasina semenn sa yo se youn nan dènye siy jan sitiyasyon an anvlimen an Ayiti, kote gang ame yo kontwole pifò nan Pòtoprens epi yo ap elaji nan rejyon vwazen yo, sa ki lakòz grangou epi ki lage plizyè santèn milye moun san zabri.

Sipò entènasyonal yo te pwomèt la poko fin konplè pandan peyi vwazen Repiblik Dominikèn ap voye imigran tounen nan peyi a.