Lapolis Jamayik Arete 20 Ayisyen ki T ap Eseye Antre Ilegal Jamayik

Jamaican Marine Police return to the Port Antonio Marina after a fruitless search for a plane that crashed into the ocean near Port Antonio, Jamaica, Sept. 5, 2014.

Lapolis Jamayik arete, samdi ki sot pase la, 20 sitwayen ayisyen ki t ap eseye antre ilegal nan peyi Jamayik sou yon bato.

Bato migran Ayisyen yo ateri sou yon plaj nan Kensington, Portland, kote lapolis te rive entèsepte migran yo.

Pandan entèvansyon fòs lòd yo, gen 5 Ayisyen ki te pran kouri, selon sa yon temwen rapòte. Men lapolis te fini pa kenbe yo.

Selon otorite Jamayik yo, pami 20 Ayisyen yo, gen14 gason, 4 fanm ak 2 timoun. Youn nan timoun yo se yon ti bebe.

Pou kounya, migran ayisyen yo nan pòs polis, Pò Antonio a an atandan desisyon otorite imigrasyon nan peyi Jamayik.

Yon lòt bò, òganizasyon Fredom Imaginaries, yon gwoup k ap defann dwa moun, vote yon lèt bay ministè nasyonal sekirite Jamayik pou mande pou etidye posibilite pou bay 20 Ayisyen yo yon estati refijye ou byen azil.

Ministè nasyonal sekirite peyi Jamayik poko reponn.