Repiblik Domininikèn Anonse l pral Depòte Chak Semèn 10 Mil Ayisyen

General elections in Dominican Republic

Repiblik Domininikèn anonse, ayè mèkredi 2 Oktòb, yon plan pou depòte chak semèn 10 mil Ayisyen ki pa gen papye.

Nan lide pou goumen kont imigrasyon illegal e pwoteje souverennte nasyonal yo, gouvènman domimiken an, anonse nan yon reyinyon konsèy sekirite, desizyon pou refoule 10 mil Ayisyen chak semèn nan peyi yo.

Prezidan dominiken an, Luis Abinader ki t ap prezide reyinyon sa fè konnen, li pran desizyon sa paske soutyen òganizasyon entènasyonal yo ap bay Polis Nasyonal Ayiti a "lan".

Pi lwen, Abinader deklare sa k pi enpòtan se garanti sekirite Dominiken yo.

"Nou pa dwe okenn moun eksplikasyon sou sa ki gen pou wè ak respekte lwa imigrasyon nou yo" deklare preziden Abinader ki souliye lwa sou imigrasyon yo fondamantal pou tout nasyon.