Ayiti: 5.4 milyon Ayisyen ap Goumen Chak jou pou Jwenn Moso Manje

FILE - A woman prepares food at a shelter for families displaced by gang violence in Port-au-Prince, Haiti, Dec. 9, 2021.

Grangou a rive nan yon nivo istorik an Ayiti, sou chak 2 Ayisyen gen youn ladan yo k ap soufri anba grangou.

Daprè yon rapò Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) pibliye, 5.4 milyon Ayisyen ap goumen chaj jou pou jwenn moso manje pou met nan vant yo ak nouri fanmi yo.

Se youn nan pi gwo kriz alimantè ki gen nan mond lan, rapò a fè konnen.

Mete sou sa, pwoblèm ensekirite a agrave sitiyasyon an. Gang yo ki ap kraze brize nan Pòtoprens fòse plizyè milyon moun kouri kite lakay.

6000 nan moun sa yo ki deplase akoz aktivite gang yo ap fè fas ak yon ensekirite alimantè grav. Moun sa yo soufri grangou ak malnitrisyon selon rapò PAM nan.

PAM pwofite sone alam lan pou mande kominote entènasyonal la sipò, pou pote kole e ede Ayiti soti nan kriz sa, ki se kriz pi grav nan tout emisfè lwès la.

Cindy McCain, Directè egzekitif PAM lan deklare : "Pap ka gen sekirite ak estabilite an Ayiti toutotan plizyè milyon moun ap mouri grangou"