Melchie Dumornay ak Lyon Krabinen Strasbourg

Melchie Dumornay pandan match foutbol Olympique Lyonais kont Paris St. Germain nan peyi la Frans, 20 Avril, 2024.

Melchie Dumornay ak ekip Lyon an toupizi ekip Strastourg a weekend ki sot pase a.

Grenadyè a make yon gòl nan festival ofansif (6-0) Lyonèz yo kont fòmasyon Strasbourg a pou dezyèm jounen chanpyona Lafrans.

Aprè yon dekabès kont FC Fleury nan premye jounen an, Melchie Daelle Dumornay, ki sou 2e sezon l ak ekip Lyon an, fè filè yo tranble yon lòt fwa pou ede ekip li krabinen Strasboug.

Corventina fè yon bèl gòl apre l fin resevwa yon pas nan sifas ekip Strasbourg a. Mibalesyèn nan mande balon an nan mitan plizyè defansè, li kouri ak yo, fè yon ti lòb pou evite soti gadyen, epi met balon an kan an.

Yon gwo gòl de yon Dumornay ki pa manje anyen frèt pandan presezon an ak komansman sezon an.

Entènasyonal ayisyen an fè gòl kont Juventus ak Madrid CFF pandan prezon an.

Li gentan met balon an nan filè 3 fwa deja pandan kòmansman sezon, pou sèlman 2 match li jwe. Melchie Dumornay an penpan sezon an.

Pou twazyèm jounen an, Dumornay ak ekip Lyon ap afwonte ekip Montpelier a, ki gen ladanl yon lòt entènasyonal ayisyèn: Ketnha Louis. Match sa ap jwe samdi ki ap 5 oktob 2024