FBI Konstate Krim Vyolan Bese An 2023

FILE - FBI officers search the perimeter of Trump International Golf Club after an apparent assassination attempt on Republican presidential nominee and former U.S. President Donald Trump at the course in West Palm Beach, Florida, Sept. 17, 2024.

WASHINGTON (AP) — Krim vyolan nan Ozetazini bese an 2023, dapre estatistik FBI te pibliye ki montre yon tandans pou yo kontinye desann apre chif yo te monte konsiderab nan epòk pandemi kowona viris la.

Rapò sa ke ajans la te pibliye Lendi 23 desanm montre krim vyolan yo an jeneral te diminye apeprè 3% nan ane 2023 konpare ak ane anvan an.

Krim ki gen rapò ak zak touye moun bese a prèske 12%.

Krim vyolan Ozetazini vin tounen youn nan sijè pwen santral kanpay ansyen Prezidan Donald Trump, kote li te diskite desa pandan deba prezidansyèl ki sot pase a fas ak kandida demokrat la Kamala Harris.

Li te di krim yo "debòde" sou administrasyon Prezidan Joe Biden nan.

Menm done yo montre menm nan moman kote chif yo te monte an 2020 an, krim vyolan te toujou rete ba anpil konpare ak jan li te ye nan 1990 yo.