Garry Conille Fè Bilan 100 Premye Jou l nan Primati a

Haiti Violence

Doktè Garry Conille, ki te pran tèt primati a nan dat 12 jen ki sot pase la, drese bilan 100 premye jou gouvènman l ap dirije a.

Premye minis lan ansanm ak minis li yo te pran la pawòl pou bay rapò sou reyalizasyon yo pandan 100 premye jou yo nan gouvènman an.

Imanitè

Nan entèvansyon li, Garry Conille fè konnen gouvènman an kòmanse pran mezi pou pwoteje moun ki vilnerab k ap viv nan kan yo.

Youn nan priyorite gouvènman se ede moun sa yo retounen lakay yo.

SEE ALSO: Plis Pase 2300 Moun Kouri Kite Kay yo Akoz LaGè ki nan Site Solèy ak Delmas (OIM)

« Nap pran tout dispozisyon, nan jou k ap vini la yo, pou n itilize resous nou yo pou n ede moun sa yo retounen lakay yo”, se sa ke PM Conille te deklare e li deplore kondisyon moun sa yo ap viv depi plizyè ane.

“Fanmi sa yo, 600 mil moun sa yo, leta dwe jwenn yon solisyon pou yo”, selon sa doktè Garry Conille fè konnen

Anplis de sa, chèf primati a fè konnen li « mobilize plis resous nan trezò piblik la pou rezoud kriz imanitè epi vanse nan chantye sosyal yo”.

Edikasyon

Nan sektè edikasyon an, Garry Conille souliye gouvènman an pote bon jan èd pou ede paran yo pou antre lekòl la.

Premye minis lan enfòme gouvènman an ede yon kantite paran nan zafè liv, kit eskolè, kantin nan lekòl pandan 100 jou ki sot pase la yo.

Garry Conille pwomèt pwogram pou ede paran lekòl naysonal yo ap rive byento nan depatman gran sid peyi.

Yon lòt bò, chèf gouvènman an anonse kèk paran nan lekòl prive yo, sitou sa ki nan zòn cho yo, pral ka benifisye de pwogram sa.