Accessibility links

Breaking News

Ayiti Kreye yon Konsèy Elektoral Pwovizwa pou Prepare Premye Eleksyon yo Depi 2016


Haiti Election
Haiti Election

Leta nan peyi Ayiti kreye, ayè mèkredi 18 septanm 2024 la, yon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) pou prepare epi òganize eleksyon nan peyi a.

Se nan konsèy minis ki fèt mèkredi ak manm gouvènman an e konsèy prezidansyèl la, otorite yo adopte yon KEP ki gen 7 moun ladan l.

Manm KEP yo soti nan tout kouch sosyal nan peyi a: peyizan, vodouyizan, jounalis, defansè dwa moun elatriye.

Nap souliye, selon lalwa, KEP a dwe gen 9 manm ladan l. Sepandan se 7 moun gouvènman an nome nan konsèy minis lan, anatandan yo ajoute 2 lòt moun ki manke yo

Primati fè konnen “KEP a ap konplè ak deziyasyon 2 lòt manm ki ap reprezante asosiyasyon defans dwa fanm ak asosiyasyon defans dwa moun”.

Nap raple depi 2016, ekesyon pa janm fèt nan peyi a.

Men non konplè 7 moun ki fè pati KEP a, ki gen pou misyon òganize eleksyon an Ayiti.

1. Schnaida ADÉLY, reprezantan kominote Vodou

2. Patrick SAINT-HILAIRE, reprezantan Konferans episkopal Ayiti

3. Peterson PIERRE-LOUIS, reprezantan Sektè kilt refòme

4. Marie Florence MATHIEU, reprezantan konsè inivèsite

5. Jacques DESROSIERS, reprezantan asosiyasyon Jounalis

6. Jaccéus JOSEPH, reprezantan associations Peyizan

7. Nemrod SANON, reprezantan Sendika.

Li pa imedyatman klè li lè 2 lòt manm ap nonmen.

Konsèy la gen responsablite pou òganize eleksyon nan peyi a epi ede kreye kad legal pou òganize eleksyon sa yo.

XS
SM
MD
LG