Lajistis Kondane Yon Ansyen Ajan CIA pou Dwòg ak Abi Kont Fanm

CIA Sexual Misconduct

Yon ansyen ajan CIA, ki se prensipal ajans entèlijans Ameriken an, te jwenn kondanasyon li Mèkredi 18 septanm pou 30 ane prizon poutèt li te dwoge ak fè abi seksyèl sou anpil fanm, sitou pandan li te an misyon nan peyi etranje.

Akize a Brian Jeffrey Raymond ki gen 48 lane, te plede koupab nan mwa Novanm 2023 deske li te dwòge 4 fanm epi answit fè zak seksyèl sou yo san konsantman yo, e gen 6 lòt li te antre an rapò seksyèl san konsantman yo.

Li te admèt tou li te droge 28 fanm epi li te dezabiye yo toutouni epi li te filme yo oswa pran foto yo san yo pa konnen, Depatman Jistis Ameriken an te di nan yon deklarasyon. Depatman an ensiste ke li te eseye detwi imaj yo apre yo te aprann sa pandan ankèt yo.

Se pandan dènye misyon li aletranje, nan Meksik nan mwa me 2020, ke yo te vin dekouvri zak sila, lè yon fanm toutouni te rele anmye epi mande èd sou yon balkon nan kapital la.

Pwosekitè federal Matthew Graves te di nan piblikasyon an "Pandan ke predatè sa a te travay pou gouvènman an, li te atire fanm san mefyans nan kay gouvènman an te lwe pou li epi dwòge yo,".

"Apre li fin dwòge yoz, li te dezabiye yo, abize yo seksyèlman e pran foto yo".

Evènman yo te fèt soti nan ane 2006 pou rive 2020 nan plizyè peyi.

Brian Jeffrey Raymond te estasyone nan Meksik ak Perou, dapre sa otorite ameriken yo te di.