Accessibility links

Breaking News

Lajistis Ris Pral Jije Jounalis Gershkovich Pou Espyonaj Li Te Fè Pou CIA


Wall Street Journal reporter Evan Gershkovich appears in court
Wall Street Journal reporter Evan Gershkovich appears in court

Biwo Pwokirè Ris la te anonse Jedi 13 jen an ke jounalis Ameriken Evan Gershkovich pral jije byento nan Yekaterinburg.

Tribinal la di ke yo pral jije misye pou "espyonaj", lajistis ris akize l 'ke li te kolekte enfòmasyon sou yon faktori tank nan non CIA ki se sèvis ransèyman Etazini.

Biwo avoka akizasyon Ris la, ensiste ke yo te arete repòtè a, apre yo te jwenn li ap "kolekte enfòmasyon sekrè" sou konpayi an Uralvagonzavod sou non sèvis Entèlijans Ameriken.

Yo fè konnen ke yo te voye "ka kriminèl la nan tribinal rejyonal Sverdlovsk pou egzamen an sou baz byen fonde".

XS
SM
MD
LG